A-Z Lyrics Database
Welcome! Login | Register
Lyrics   »   A   »   Alan Cave Lyrics   »   Chik Chek Chok Lyrics

Alan Cave - Chik Chek Chok Lyrics

Font:      
Align:    
  • Ah! Monche tifi a pa bon non, papa
  • Definitivman, manmzel se yon devegonde
  • Manmzel pa bon man
  • Poutan papa, ban m' ba ou story a byen
  • Sa se story Yon bel tifi
  • Pwoblem lavi fe l' mal aji
  • Sa se yon ti fanm bo
  • Lakay mwen Fe l' mal aji
  • Gade yon mon l'ap monte Sa se story
  • Sa pi red ke mon Tapyon
  • Yon bel tifi, Nou pap bay manti
  • Eben men verite a
  • Lavi ou cheri gen twa chapit
  • Triloji sa a tounen yon vis
  • Dimanch ou se pou misye Chic
  • Chik Chek Chok
  • Le mekredi se misye Chek
  • Li pase chache ou nan yon tetbef
  • Wout ou jou sa a tou dwat labank
  • Ou mete wob a volan w
  • L'ap pwomennen ou nan tout salon
  • Se misye Chik, figi ou mare, met kach atè
  • Mwen pap pran chek san pwovizyon
  • Le vendredi se misye Chok
  • Se li k' mache nan santiman ou
  • Pi gwo defo l' afe l' pa bon wo
  • Chik Chek Chok
  • Kalandriye ou ap pran dife
  • Semenn ou chaje varyete
  • Konsa lavi fose ou boule
  • Ou resevwa li tout jan
  • Chak vandredi Chok desevis
  • Depi ou ave li ke ou kontan,
  • Ou anpenppan Ou anpenpan
  • Ti cheri lavi sa ka toumante ou
  • Ka fe ou fe sa ou pa vle
  • Chache pou ou sot nan sa ou ye la
  • Pa bliye sa fanm ou reprezante
  • Make up mind ou pou konn sa ou vle
  • Ou gen yon non fanmi ou pote, sonje
  • Kalandriye ou ap pran dife
  • Semenn ou chaje varyete, manman
  • Chik Chek Chok
  • Konsa lavi foise ou woule
  • Le m' gade ou mwen ka we nan ki soufrans ou ye
  • Gen de fwa ou rete ou made pou ou pat egziste
  • Le m'realize Chik Chek Chok se chwa pa w li ye
  • O baby girl ou pran nan cho
  • Le chik paret, se li lasosyete aksepte
  • Li fe fyete papi, li fe bone manmi
  • Le Chek antre li pran ou mennen ou aletranje
  • Pou ou al achete kolye kelkanswa kote ou ta vle
  • Le Chok met pye tout tanperaman ou chanje
  • Se li ou prefere menm ke li pa posede
  • Ou bezwen bon lovin' se ave l' ou komonike
  • Ou menm pare pare pare pou ou ba l' yon ti bebe
  • Sa se story yon bel tifi
  • Pwoblem lavi fe l' mal aji
  • Gad jan li mele, Gad jan li mele
  • Li mete ou anba volan an
  • L'ap pwomennen ou nan tout salon
  • Figi ou mare met kach atè
  • Mwen pap pran chek san pwovizyon
  • Ou resevwa li tout jan
  • Chak vandredi Chok desevis
  • Depi ou ave l' ke ou kontan
  • Ou anpenpan, kalandriye ou chaje
  • Kalandrye ou ap pran dife
  • Semenn ou chaje varyete
  • Manman Chik Chek Chok
  • Konsa lavi fose ou woule
  • Chak jou ou leve ou gen yon nouvo gid manman
  • Li fose ou boule
  • Ou pap janm rete ou pa fonksyone manman
  • Li fose ou boule
  • Fok ou fe yon jan pote yon chanjman manman
  • Li fose ou boule
  • Mwen konnen lavi a pa fasil manman
  • Li fose ou boule
  • Kalandrye ou ap pran dife
  • Semenn ou chaje varyete
  • Manman Chik Chek Chok
  • Konsa lavi fose ou woule

  • Report error in lyric




    The Chik Chek Chok lyrics by Alan Cave is property of their respective authors, artists and labels and are strictly for non-commercial use only.
    Copyright © 2009-2026 Azlyricdb.com. All Rights Reserved | Privacy policy | Blog
    You are now viewing Alan Cave Chik Chek Chok Lyrics